Saint-Domingue
Koloni fransè / From Wikipedia, the free encyclopedia
Sen Domeng ki se ansyen koloni fransè , nou te jwen li nan pati Lwès zile Ispanyola a (ki se jodi a Dayiti). Bout tè sa a te vin sou kontwòl fransè yo depi nan dat 20 septanm 1697 gras ak Trete Riswik (Traité de Ryswick) rive premye janvye 1804 kote li vin pran endepandans li sou non Ayiti. Jan Jak Desalin se premye chèf leta peyi a te konnen.
Sen Domeng soti nan mo espanyòl Santo Domingo ki fransize (Sen Dominik).
Poutan, Fransè yo te prezan nan lwès Ispanyola depi nan fen ane 1620 yo, anba ministè Richelieu, espesyalman sou zile Latòti. Jiska kòmansman ane 1680 yo, Sen Doming te sitou yon kote ki te gen anpil flibisye, ki te soti sou zile Latòti alantou 1660 yo, toupre kòt nòdwès la, oswa Lilavach), nan Sid peyi a, sa vle di nan Lwès la.
Ant 1680 ak 1700, gouvènè fransè yo dezame youn apre lòt flibisye sa yo pou yo ka devlope yon ekonomi plantasyon, sa istoryen Michel Hector rele ekonomi plantasyonè [1]( . Apre Trete Ryswick, Sendomeng pral pran plas prensipal nan pwodiksyon anpil pwodwi, espesyalman sik fransè e menm nan lemonn (gade Istwa kiltivasyon plant sik), si nou konsidere travay Jak Kona ki di 1720 anviwon sendomeng pwodwi plis sik pase tout koloni anglè yo reyini(gade Istwa kiltivasyon plant sik) . Nan lane 1788 li konte plis pase 400 000 esklav ak 22 000 afranchi.
Fòk nou presize sendomeng te gen 3 klas selon travay Lorime Deni epi Franswa Divalye, nan liv pwoblèm de klas klas nan peyi dayiti. Men klas sa yo par gen menm vizyon, sa vle di chak te gen pwoblèm yo te bezwen rezoud. Moun yo rele gran blan yo tap batay kont desizyon metwopòl la kite "Tout bagay ki pwodwi sendomeng dwe ale nan metwopòl la". Afranchi yo te vle gen dwe sivil ak politik. Poutan, nwa sa vle di esclav yo tap mande libète. Ansanm sousi sa yo te rann koloni an vrèman frajil, istoryen yo menm pale de yon espas poudriye oubyen kanon ki chaje poud.
Ansanm pwoblèm sa yo, sa vle di kontradiksyon sa yo pwal okazyone posiblite pou debouche sou soulèvman esclav yo. San nou pa inyore sa kap pase andeyò peyi a, espesyalman nan peyi lafrans kise metwopòl la. Se nan menm lojik sa a nou pral rive nan endepandans peyi sa a avèk kèk moun tankou : Tousen Louvèti, Jan jak Desalin, Alesend Petyon, Anri Kristòf avèk anpil lòt ankò. Se sa kifè jodi a gen yon otè ayisyen ki se Dantès Bellegarde ki pwal di aprè 1804 sendomeng retounen ayiti [2].