Kriz klimatik
From Wikipedia, the free encyclopedia
Tèm rechofman klimatik la dezinye ogmantasyon tanperati mwayèn sou sifas tè a soti nan ventyèm pou rive nan venteyinyèm syèk[1]. Chak moun kontribye nan fason pa yo nan jete yon seri gaz nan lanati yo rele yo gaz a efè de sè[2]. Se vre te konn genyen chanjman klimatik[3] nan tan ki pase yo, men de pi nan mitan ventyèm syèk la aktivite moun ap fè gen yon enpak pèsonn pa t konn wè anvan sou sistèm klimatik Tè a. Aktivite sa yo vin lakòz gen chanjman ki fèt nan lanati toupatou nan mond lan.
Diyoksid Kabòn[4] (CO2) ak Metàn[5] (CH4) reprezante katrevendis pousan (90%) nan gaz a efè de sè akòz aktivite moun ap fè. Lè yo boule yon seri konbistib fosil tankou chabon[6], petwòl[7] ak gaz natirèl[8] pou moun kapab jwenn enèji se prensipal sous vye gaz sa yo. Mete sou sa gen fason moun yo fè agrikilti, pyebwa k ap koupe san rete ak pwodiksyon endistriyèl. Tout sa yo gen move konsekans sou klima a.