Jude Célestin

From Wikipedia, the free encyclopedia

Jude Célestin
Remove ads

Jude Célestin,  ki fèt 19 jen 1962  nan Pòtoprens se yon politisyen ayisyen e lidè pati politik  LAPEH (Ligue alternative pour le progrès et l'émancipation haïtienne) ki fè pwomosyon pou kreye travay, fòmasyon pou kad li yo, ogmante kilti ayisyen an, revalorize agrikilti, e pi espesyalman, amelyore sò timoun ki nan lari a nan Pòtoprens.

Bagay rapid yo Nesans, Nasyonalite ...
Remove ads

Biyografi

Apre lekòl segondè li nan Pòtoprens, Jude Celestin, te lanse li nan jeni mekanik san li pa diplome[1]. Li te direktè jeneral ministè Travo Piblik sou gouvènman Rene Preval la. Li te vin trè popilè paske li te restriktire CNE (Sant nasyonal Ekipman yo) e mete anpil fanm travay ladan l. CNE  te kontribye nan rekonstriksyon wout ak pon apre tranbleman tè te fin ravaje peyi a jou ki te 12 janvye 2010 la.

Remove ads

Patisipasyon nan eleksyon prezidansyèl la

Nan moman eleksyon prezidansyèl  2010-2011 la, fwod elektoral yo te anpil, premye rezilta yo te bay Mirlande Manigat premye plas la ak 31.4 %  vòt yo, Jude Celestin te fè 22.5% epi Michel Martelly te gen 21.8%. Touswit aprè rezilta sa yo,anpil deblozay te fèt nan plizyè vil anndan peyi a[2].

Li te kandida ankò nan eleksyon prezidansyèl 2015 la (anile akòz iregilarite ki te genyen ), epi li te vinn patisipe nan sa novanm 2016 la.Nan dènye eleksyon yo ki te fèt nan peyi a, Jude Celestin te soti dezyèm avèk 19.57% vòt yo.

Remove ads

Referans

Lyen deyò

Loading related searches...

Wikiwand - on

Seamless Wikipedia browsing. On steroids.

Remove ads